Kafou : Kazèk Jean Samuel Arcéus mouri apre li te resevwa plizyè kout manchèt nan tèt

Kafou : Kazèk Jean Samuel Arcéus mouri apre li te resevwa plizyè kout manchèt nan tèt post thumbnail image

By Rezo Nodwes -7 janvier 2022

Vandredi 7 janvye 2022 ((rezonodwes.com))– Kazèk onzyèm seksyon kominal Rivyè Fwad, Jean Samuel Arcéus, rann dènye souf li jedi 6 janvye a nan lopital Bernard Mevs.

Kazèk Arcéus te resevwa plizyè kout machèt nan tèt Mòn Jerizalèm nan katye Bèten pandan li te al fè yon konsta.

Yon sèten Jeannot, te atake Kazèk la dimanch pase e mete li nan yon eta grav.

Twa lòt moun te rive blese tou, men popilasyon an te pase Jeannot alenfinitif.