Daly Valet : Senatè Kòbòy !

Daly Valet : Senatè Kòbòy ! post thumbnail image

By Rezo Nodwes -24 septembre 2019

Mardi 24 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– Nèg la tonbe tire anlè kou atè, li blese 2 moun ak bal epi ou jwenn kèk Senatè parèy li k ap mache di nan radyo se te yon aksidan.

Franchman mesye palmantè sa yo chwazi pou youn kouvri krim lòt kèlkeswa nan kan politik yo ye. Nou ka konstate tou chak biwo Sena ak biwo Depite toujou deside bay tèt yo dechaj kelkèswa malvèsasyon ki sal bilan yo ak bilan dènye biwo a. Sa k pase sèke mesye palmantè sa yo konvenki se yon Repiblik apa yo ye nan Repiblik Dayiti.

Yo fè sa yo vle lè yo vle jan yo vlè. Yo asasen, yo kriminèl, yo ganstè, yo vòlè, yo dilè ou pa janm tande Lajistis fè anyen kont yo. Lalwa pa egziste pou mesye dam sa yo anba nan Palman. Tout sa w tande y ap denonse konnen si te gen jistis vre anpil ladan yo t ap premye Lapolis t ap mete anba kòd.

Mwen kondane tout agresyon ki fèt kont kelkeswa moun nan peyi a, kit se senp sitwayen kit se orite. An menm tan, otorite yo konnen ak ki pèp e ki politisyen yo an afè. Kidonk yo dwe pran fòm kò yo nan fason y ap dirije peyi a. Pèp grangou ki an kolè derezonab toupatou.

Koze aksidan ak lejitim defans egziste. Men se pa Senatè ki pou deside sa nan ka Senatè Kòbòy la. Palman fè lwa men Palman pa lalwa ni lajistis. Se lajistis ki pou deside sa ki lejitim defans, pa kèk grenn Senatè k ap kache fèy kouvri sa pou tokay yo.

Daly Valet

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *