PWOBLEM IDANTITE/ DYASPORA

PWOBLEM IDANTITE/ DYASPORA post thumbnail image

GRAN DOSYE!!!

PWOBLEM IDANTITE/ DYASPORA

M panse sa kap rive ak dyaspora a karakterize ipokrizi ki gen nan sosyete a. men li pi enkyetan toujou pa selman pou dyaspora a men pou tout moun ki ap viv an ayiti. paske peyi a gen yon pwoblem idantite ki depase le born. jodia ni mwen ni ou ni peson nan peyi a pa k defini ak presizyon “Kiyes ki ayisyen, kile yon moun ayisyen, e kisa ki fe yon moun ayisyen”

e tan ke n pa jwen repons ak kesyon sa yo, tankou kesyon sou ki idantite, ki kilti, ki fondman sosyete nou an, tout demach pou pwogre reyel ap enposib.

kidonk sa ki ap pase a li tre senptomatik de decheyans, dekadans sosyete nou an e enkapasite de elit nou yo poun pote repons ak kesyon egzistansyel yo

pou mwen yon Ayisyen se yon moun ki fet An Ayiti. Se yon moun ki gen rasin li an Ayiti swa bo kot manmanl, oswa bo kot papal, oswa bo kot gran paran li.

yon ayisyen pou mwen se yon moun ki renmen peyi a san kondisyon, ki pare pou defan li, pou pwotejel e pare pou fe tout sa ki nesese pou edel devlope e fel tounen yon meyeu espas pou li viv

sou baz saa, ou gen Ayisyen de sang e w pral gen moun kap vin Ayisyen paske yo deside adopte nasyonalite ayisyen nan e deside entegre e pratike tout sa ki karakterize n kom pep. kilti nou, langaj nou, koutim nou, istwa nou …..

se pou sa pa egzanp yon relijye ki gen 50 an an ayiti, ki bay tout vil nan peyi a pa egzanp, ki fe tout afel isit se yon ayisyen pou mwen.

yon etranje ki vin envesti an Ayiti. ki pa janm kite peyi a. ki marye ak fanm oswa gason isit. ki fe pitit isit. ki fe kay li isit. ki entegrel nan sosyete a. se yon ayisyen

se pou sa neg tankoum toujou ap defan ke Ayiti se yon pep mozayik: nou gen desandan ewopeyen, desandan arab, desandan ameriken e nou gen desandan afriken yo ki plis majorite. men sa pa vle di ke lot mounn yo pa ayisyen
e m panse fok gen travay ki fet nan sans saa pou pemet ke nou pi toleran, e pi enklizif nan rekonet dwa lot moun ki sou te sa ki pataje l ansanm ak nou

pou mwen yon moun ki fet an ayiti, men ki pa janm fe anyen pou ede peyi a vanse, ki chita se vole lajan peyi a, fe zak kriminel, detwi o lye konstwi pa yon ayisyen. mwen jis konsiderel tankou yon moun ki fet sou te a men ki pa revandikel.

depi yon moun revandike nasyonalite ayisyen li e li aji an konsekans nan sa lap fe nan lavil, pou mwen li se ayisyen

an ayiti malerezman vizyon sam genyen an li minorité.
Pou plizye rezon. pami lekel sistem nan baze sou moun pa. li pa fet sou konpetans. e anpil nan neg isit deside ke gen sekte se pou yo li revni de dwa. sa fe ke depi gen lot moun ki gen plis konpetans pase yo oswa plis lajan yo eseye fe tout sa yo konnen pou yo bloke li

se sa ki fe ken pa k gen gwo envestisman dyaspora a an ayiiti e se sa ki fe tou nou pa k gen gwo envestisman etranje direk an ayiti. pwoblmen nan chita nan peur ke nou genyen pou lot la pa pran plas nou. paske li gen plis mwayen pase nou. nou pa we sa nou ka fe ansanm ak li poun vanse pi lwen. nou pito we kijan nou ka barel la wout poul pa vin fe n pedi privilej nou

e sa ki rive Naomi an, li tre malere e malonet.
Nou revandike Naomi, Michaelle Jean, Danny Laferriere, … chak fwa yon moun ap fe bagay pozitif. men depi yo ta deside antre nan peyi a nou bloke yo. e sa fok nou konbat li poun fose chanje sistem nan

se pou sam panse ke yon dyaspora ki oganize, ki striktire, ki gen yon leadership eklere ka mennen batay saa. paske jodia peyi a pa egziste san lajan dyaspora a. ki finans komand. ebyen fok dyaspora a pran dwa li. se pa ret tann yo ba nou li. se pran poun pranl. menfok nou oganize e fok nou k fe lobby ak presyon sou politik an ayiti.
Pa egzanp fok nou k gen kandida pa nou ke nap finanse nan eleksyon. fok nou k gen palmante pa nou ke nap finanse nan eleksyon. menm jan yo te fe ak Jerry tardieu a.
Sof ke se pa yon endividi ki pou fel. se yon asosyasyon fort nan dyaspora a ki pou fel.
fok nou goumen pa egzanp pou ke ministe ayisyen kap viv lotbo a se ak nou kel fet tout bon e kel k defan entere nou.
fok dyaspora a tou kreye yon fond participatif, ki pemet li vin envesti nan yon gwo pwoje an ayiti tankou digicel. bel building epi ki kreye anpil travay

olye ken gen ti transfe kap fet. men nou ta kap gen plizye gwo envestisman ki fet sou baz crowdfunding ak dyaspora a

sa yo pral ede chanje mantalite a e pemet ke dyaspora a pi aktif e gen plis pwa nan enfliyanse politik ak ekonomi an ayiti

fok nou kreye bon koneksyon ak entenasyonal la. menm jan jodia, entenasyonal la rive enpoze de kondisyon pou yo bay finansman tankou yon kota andikape, yon kota LGBT
fok nou rive yon le pou ke gen de pwoje nan piblik oswa ke bayeu yo finanse ki egzije kota patisipayon dyaspora…

m panse tou gen kontwol konsila yo anbasad yo…. tout sa yo se de bagay ke nou dwe kontwole via ministe afe etranje pa egzanp… elatriye

men lot bagay m k pataje ak nou…se ke blan an gen pwoje pou ke nou gen yon lot konstitisyon. 2 pi gwo motivasyon yo se:

1- rive jere kesyon fonsye a, pou ke etranje k envesti
2- rive rezoud kesyon doub nasyonalite a

Paske neg yo pa deside vin envesti nan eksplwate resous min yo di nou genyen yo san ke 2 pwen m sot site yo pa rezoud

Se pou sa pa egzanp pwoje neg yo, se pouse pou pa gen eleksyon an 2019. pou prezidan an deklare palman an kaduk. e pou ke yo fe eleksyon jeneral an 2021, fe yon asanble konstityant pou kapab refe konstitisyon an e chanje rejim politik

travay Jerry Tardieu ap fe a se yon balon desai l ye nan sans saa.

men sam di nou la se an rezime pwoje neg yo. Eske lap reyisi? sel lavni kap k din paske politik anyen pa ekri a lavans.

Pa kont sa ki seten, si dyaspora a pa oganizel e striktirel, e gen mwayen finansman pal, tout sak pral fet yo ap fet san li. e si yon bagay fet san ou, gen anpil chans poul pa nan avantaj ou

Lieutenant Zamor… (Le Gonaivien)