By Rezo Nodwes -28 avril 2022
Nòt pou Laprès
Petyonvil, 28 avril 2022 ((rezonodwes.com))–
Abitan nan katye Bosye ki chita kò l nan katriyèm Seksyon Kominal Bèlvi Lamontay (tou pre Bwa Mokèt ak Malik) salye tout moun alawonnbadè epi voye gwo kout chapo pout tout sitwayen onèt k ap batay pou bon jan Jistis tabli nan peyi Dayiti.
Yo pwofite, nan nòt sila, denonse arestasyon gwo ponyèt Jij Matthieu Chanlatte fè sou sitwayen Castel Desrose, 72 lane, jou ki te madi 5 avril 2022 a.
Jou sa, bò 11 zè nan maten, yon bakòp lapolis debake sou katye a epi pote ale Castel Desrose san yo pa prezante okenn manda. Se lè fanmi an desann nan komisarya Petyonvil, yo prezante yo yon fotokopi yon swadizan manda ki chaje ak erè materyèl.
Ladan l Jij Matthieu Chanlatte mande pou yo mennen ba li yon moun ki rele « Castel Desroche » pou « Tantativ asasina ak menas lanmò. » Anplis swadizan manda sa a pa di kiyès « Castel Desroche » la te fè tantativ asasinen, ni kiyès li te menase lanmò.Menm jou a, san pran tan, polisye yo desann ak Castel Desrose pou li al prezante devan Jij Matthieu Chanlatte nan Palè Jistis (Pakè) san prezans yon avoka.
Lè yo rive avè l, jij la deklare nan telefòn li endisponib e mande pou yo fèmen Castel Desrose nan komisarya Petyonvil. Malgre tout tantativ avoka fanmi an ak tout lòt moun fè bò kote Jij Matthieu Chanlatte nan jou a, li deklare yo li endisponib.
Arestasyon gwo ponyèt sa lage gwo kè sote nan mitan fanmi viktim nan ak tout fanmi ki sou katye a lè nou sonje tribinal gen plizyè mwa depi li pa fonksyone. Ni jij ni avoka pa desann devan Pakè pou al patisipe nan seyans. Nou menm sitwayen katye Bosye, nou ta renmen konnen : sou ki baz e pa ki mwayen jij la desènnen manda sa? Ki Jistis tou ki ba li dwa arete yon moun san li pa ba li manda konparisyon? Ki Jistis ki ba li dwa desènnen yon manda san mansyone non pleyan an?
Sitwayen katye a gen pi gwo kè sote toujou lè yo sonje nan lane 2016 ak 2017, kabinè Pierrot ki gen nan tèt li Mèt Billingston J. Pierrot ansanm ak asosye l tankou Pierre Marie Michel, Michelet Dossous ak Yves Lundy te konn mete ansanm ak lapolis pou vin simaye latwoublay nan mitan fanmi sou katye a.
Moun nou site yo la deklare yo reprezante eritye yon sèten Magdalaine Charles ki gen anviwon 250 kawo tè nan Seksyon kominal la ki bònnen jouk nan galèt Maryanman. Yon senkantèn fanmi rete nan katye a depi plizyè jenerasyon, yo posede pwopriyete yo legalman. Youn nan yo pa gen zansèt yo ki siyen Charles.
Epi tou 250 kawo tè lajman depase seksyon kominal la. Abitan nan katye Bosye pwofite lanse yon pinga bay tout moun, kèlkeswa tit li pote a, ki gen move entansyon sou zafè moun epi ki kwè yo ka vin fè zak maspinay sou sitwayen onèt.
Nou denonse anplis tou konfyolo polisye nan komisarya Petyonvil ap mennen ak bann malonnèt sa yo pou vin kraze zo popilasyon moun katye Bosye. Enfòmasyon ki deja ap sikile fè konnen gen arestasyon ki prevwa kont plizyè moun k ap viv nan katye a ak menm kalite manda lapolis te bay kont sitwayen Castel Desrose la.
Kiyès k ap ba nou sekirite lè se lapolis li menm ki rantre nan move zak sa yo pou li vin pran maspinnen popilasyon an ?
Paske nou kwè nan Lajistis, pwopriyetè katye a angaje depi plizyè lane yon kabinè avoka ki mennen dosye a devan Tribinal. Plizyè plent deja pote fòmèlman devan divès biwo dwa moun k ap mennen bon jan ankèt sou dosye sa a.
Viv Ayiti ! Viv yon Leta Demokratik !
Fanmi ki siyen nòt sa:
Fanmi DESROSE
Fanmi LOISEAU
Fanmi OCCENAT
Fanmi JOSEPH
Fanmi DÉSIR
Fanmi GEORGES
Fanmi Jean-Paul
Fanmi LAGUERRE
Fanmi VICTOR
Fanmi GILBERT
Fanmi CAZEAU
Fanmi ALEXANDRE
Fanmi MALIQUE
Fanmi ANTOINE
Fanmi DORLÉUS
Fanmi GABEAU
Fanmi PRÉNOR
Fanmi PROPHĖTE
Fanmi MOÏSE
Fanmi DOMERÇANT
Fanmi ALCIMÉ
Fanmi LOUIS
Fanmi JEAN
Fanmi PAULIN
Fanmi BEAUBRUN
Fanmi ALBERT