MASTER DJI: 25 LANE APRÈ Biyografi yon Lejand (ekri pa Miguel “Mingolove” Romain)

MASTER DJI: 25 LANE APRÈ   Biyografi yon Lejand  (ekri pa Miguel “Mingolove” Romain) post thumbnail image

Georges Lys Hérard ke tout moun ta pral konnen pita sou non “Master Dji” fèt 30 me 1961 nan vil Pòtoprens an Ayiti. Li se pitit Antoine Rodolphe Hérard, yon ansyen majistra Pòtoprens sou Francois Duvalier. Papa Master Dji (Antoine Rodolphe Hérard) te yon gwo animatè e repòtè (foutbòl) trè popilè nan Radio HH2S (Ayiti) ant 1936 e 1940, epi answit animatè e pwopriyetè Radio Pòtoprens (Ayiti) a pati de 1942.

Master Dji, ke tout Ayiti rekonèt kòm papa rap kreyòl, te grandi nan yon atmosfè ki te pèmèt li devlope pasyon li pou mizik. Pwiske Radyo Pòtoprens se te pou papa l, sa te pèmèt ke, trè jèn, Master Dji te kòmanse montre enterè nan zafè animasyon nan radyo.

Master Dji te kòmanse anime nan radyo a laj 16 zan. Se te nan Radio Pòtoprens an 1977 avèk yon emisyon ki te rele “Made in USA”. Depi lè sa a li te gentan branche tout tandans mizik ameriken.

Se Master Dji ki te premye jwe mizik rap ameriken sou radyo an Ayiti. Sa te pase an 1979 e se te mizik ki rele “Rapper Delight” ke gwoup Sugar Hill Gang te fè.

Apre etid segondè li nan Enstitisyon Senlwi Gonzag, Master Dji te antre nan Fakilte Medsin an Ayiti, men se te sitou pou fè paran li plezi paske se pa sa vrèman li te renmen. Aprè yon lane nan Fakilte Medsin, Master Dji te kite Ayiti pou l al pouswiv etid li an Frans. Men obsesyon li pou mizik ak radyodifizyon ta pral mennen Dji dwat nan mikwofòn Radyo Nova (an Frans) kote li te anime yon emisyon mizik.

Eksperyans Master Dji nan Radyo Nova ta pral konekte li plis ak tout kalite mizik, sitou mizik disko, ròkennwòl epi tou mizik rap/ipap ameriken.
Pandan li te an Frans, Master Dji te gen chans kolabore tou ak Radio Afrique # 1

Malgre epòk sa yo se mizik konpa, chansonèt fransèz, bolero, merenge ak mizik eslo ameriken ki te pi popilè an Ayiti, anpil jèn te gentan kòmanse fè foli pou lòt ritm tankou rege, ròkennwòl ak rap ameriken. Dji pa t ezite chache yon pè odas mete sou yon talan ak vizyon li pou li te brize limit sosyete ayisyèn lan epòk sa. Se konsa nan kòmansman gran vakans an 1982, Master Dji anrejistre epi voye nan radyo yon mizik ki rele “Vakans”. Sosyete a ak kritik yo ta pral rekonèt mizik sa (Vakans) ki te gen vwa atis fanm Ayisyèn Sylvie D’Art sou li tou, kòm premye mizik rap kreyòl ki te anrejistre epi sòti sou radyo an Ayiti.

Malgre mizik sa pa t fè twò gwo siksè pwiske sosyete ayisyèn lan potko prè pou kategori mizik sa yo, sa ta pral kan menm ankouraje Master Dji pou li kontinye travay sou karyè li kòm chantè e rapè pandan li te toujou kenbe rèd kòm animatè radyo epi tou kòm diskdjokey (DJ).

Lè Master Dji retounen vin viv an Ayiti an 1983 li te anime yon emisyon nan Radyo Pòtoprens epi answit nan Radyo Metropòl kote nan yon premye tan li te konn kenbe pou JC International (Jean Camille) lè JC konn an vakans. Se te sèl animatè ki te konn ap DJ tou an dirèk pandan emisyon li. Tout gwo hit ipap, disko, wòkennròl nan epòk la, ou te ka tande yo nan emsyon Dji a. Pandan li te Ayiti, li te kolabore ak Radyo Frans Entènasyonal (RFI) e li te konn prezante yon emisyon pre-anrejistre sou Radio Kiss FM ki nan Nouyòk.

Fò m sinyale ke se Master Dji, kòm DJ, ki te òganize premye Block Party an Ayiti. Se te nan Delmas 65 nan ane 1984.

Nan ane 1985, Master Dji te rejwenn gwoup Kajou kòm yonn nan chantè ti gwoup mizik sa kèk jèn te fonde nan Pòtoprens. Avèk gwoup Kajou, Dji te chante yon mizik ki rele “Wale Kite m” ki te konn atire atansyon piblik la lè Kajou ap pèfòme.

Aprè depa diktatè Jan Klod Divalye an 1986, Ayiti ta pral konnen yon gran evolisyon nan lide ak nan zafè atistik. Sa ta pral pèmèt Master Dji frekante anpil lòt jèn talan nan epòk sa a.

Se konsa yon ti tan aprè, an 1987, Master Dji ta pral sòti mizik ki rele SISPANN lan. Mizik sa ki se yon estil rap ak world beat pa t pran tan pou l te vin yon gwo bout it. Siksè mizik sa te enspire Dji pou l kontinye travay epi pèfeksyone estil mizik li. An 1988, Dji sòti grenn mizik ki rele TANN POU TANN lan. Mizik sa te vin touswit yo gwo it.

Malgre siksè li nan radyo ak nan mizik, Master Dji pa t deside kanpe la. Li te vle konkeri tout ang nan mond entètennment lan. Nan lane 1988 la, ak kolaborasyon Ralph Boncy epi Raphaël Féquière, Dji ta pral fonde Tap Tap Magazine. Vit vit, magazin lan ta pral vann kon pate cho nan Pòtoprens pandan 3 ane. Pami tout rezon ki fè anpil jèn te fè foli pou Tap Tap Magazine, se sitou yon seksyon ladann ki te rele Les Refrains Qui Font Chanter ak yon lòt seksyon ki te rele Coins des Ondes. Premye seksyon an, yo te konn pibliye tout pawòl mizik ki ap mennen yo. Nan seksyon Coin des Ondes lan menm, yo te konn pibliye foto ak enfòmasyon pèsonèl sou yon animatè radyo ki ap mennen nan Pòtoprens lan.

Antretan, Master Dji te toujou ap travay sou karyè li nan mizik. An 1989, Dji antre Nouyòk epi ale nan estidyo kote li te travay sou plizyè nouvo mizik pou l te ka konplete anrejistreman premye albòm solo li te bay tit Politik pa m.

Ak albòm sa (POLITIK PA M), Dji te ranpòte dezyèm plas Grand Prix des Medias nan konkou Dekouvèt jèn talan ke RFI te òganize nan lane 1989.

Sou tout estasyon radyo, nan tout kamyonnèt Kafou Fèy, nan baladè, tout jèn nan epòk la, mizik sou albòm sa tap jwe tout jounen. Anplis de « Sispann » ak « « Politik Pa m », lòt mizik sou albòm sa tankou « Tann pou tann ». « Petite fille des trottoirs », « Wale kite m », « Chimen paradi » pat sispann fè plezi melomàn yo nan tout vil an Ayiti.

An 1991, gen yon estasyon radyo ki rele Tropic FM nan Pòtoprens ki rive sou kadran an. Bon son, bèl mizik tout rit, bon jan espòt ak anpil efè, Tropic FM ap bat moun. Master Dji retrouve l nan ekip la epi li te anime yon emisyon chak maten ki rele « Jungle tropicale » (dabò ak Laury Manuel epi anapre ak Sophia Desir e Auditeur X, aka Audix). Chak Samdi aprèmidi, tout Ayiti an branche Tropic FM pou koute « Samedi en folie », yon emisyon mizik varye, men sitou world beat ak ipap Dji te konn anime.

Se a travè emisyon Samedi en folie Master Dji te pral louvri mikro pou plizyè ti jèn nan lane 1991 ak 1993 ki te anvi vin rapè oubyen chantè mizik raga pou yo te montre talan yo.

An 1992, Master Dji itilize estidyo pwodiksyon Radio Tropic FM pou fè kèk ti jèn li te dekouvri epi estime ki te gen talan nan epòk sa anrejistre premye albòm mikstép mizik rap ak ragga kreyòl ke Dji li menm te voye bay plizyè radyo an Ayiti.

Sou premye mikstep sa, Ayiti ta pral dekouvri yonn nan premye gwo rapè Ayisyen ki se Teddy Fresh ki te rape 2 mizik sou mikstep sa (seropozitif epi boom boom boom). Sou menm mikstep sa, Master Dji te sèlman rape yon sèl mizik ki te gen pou tit Tèt chaje. Te gen tou sou premye kasèt sa lòt talan nòmal tankou Elylrac, Frantzy Jamaican, Supa Deno, BOP/Trezò, Jah Yeye, Mikanor, Top Adlerman epi ti gwoup li te ladann alepòk, etc… Malerezman kèk tan aprè mikstep la te sòti Master Dji te oblije radye Teddy Fresh pami mesye yo aprè yon ensidan malere ki te pwouve Teddy te derespektan anpil.

Nan mitan tout ti jèn alepòk, ti albòm mikstép sa fè tèlman siksè, toudenkou tout timoun, tout jèn te gentan gen foli rapè. M pap kache di nou ke mwen menm tou te pran viris rap la. M te menm gentan gen non rapè m Power Zo. Donk avan m te vin Mingolove, m te Power Zo. Men akoz de paran m ki pa t vle, m te oblije boule foli sa.

Gwo bout siksè ti albòm mikstép sa te fè ta pral fè Master Dji reyalize jenés la swaf yon nouvo son, sitou nan epòk sa te gentan gen plizyè atis rege jamayiken ak kèk atis rap fransè tankou Mc Solar, Tonton David, King Daddy Yod ki tap mennen epi mizik yo t ap pase tout tan sou plizyè radyo an Ayiti.

Ebyen aprè tout fenomèn ti mikstep sa fè, Master chwazi kèk nan mesye ki te plis gen talan ak disiplin ki te avèk li yo pou li anrejistre yon vrè albòm. Pou yon rezon nou inyore, lè Dji te deside anrejistre albòm sa, li pa t fè apèl ak plizyè nan talan ki te sou mikstep la.

Master Dji te chwazi Supa Deno, T-Bird, Elylrac, Frantzy Jamaican, MC G, MC Storm, Trezò (yon ti gwoup ki te gen BOP ladann) pou l fonde gwoup Haiti rap & ragga. Touswit yo te antre nan estidyo epi antejistre premye “vrè” albòm rap Kreyòl sou tit “Match la rèd”.

Albòm “Match la rèd” la te sòti nan fen ane 1993. Epi menm kote a, tankou yon tanpèt, li anvayi moun.

Mizik “Conscience noire”, “Match la rèd”, “Manmzèl”, “Religion”, “Nègès lakay”, “Sa fè m mal” te nan bouch timoun kon jèn. Nou te retwouve prezans Master Dji nan 3 mizik sou albòm sa, Manmzèl li te chante ak Supa Deno, Match la rèd ki gen patisipasyon tout gwoup la epi Tèt chaje ki te youn nan mizik Dji te rape sou mikstep la epi li te reprann sou albòm Haiti rap & Ragga a.

Touswit aprè sòti albòm lan, bwi kòmanse kouri ki di Master Dji malad epi eta sante li te kontinye dejenere. Sa pa t anpeche pou otan Master Dji te toujou kontinye anime emisyon radyo li epi menm pèfòme kèk kote ak Haiti Rap & Ragga. Li anrejistre 2 videyo ak gwoup la, videyo “Match la rèd” la epi answit videyo “Manmzèl” la li te anrejistre an dirèk pandan yon pèfomans gwoup Haiti rap & ragga.

Finalman, sante Master Dji te vin pat pèmèt li ditou. Li te ale pran refij li lakay Manmi Sita (Madan Gaston) ki se matant e manman adoptif li. E se la ke Master Dji mouri Samdi 21 me 1994, alòske li te 9 jou pou li te gen 33 zan.

Gwo bri kouri ke se maladi sida ki touye li.

Men kèkleswa rezon lanmò an, Master Dji rete yonn nan pi gwo atis polivalan, yonn nan pi gran animatè ke peyi Dayiti bay; san nou pa bliye tou ke Master Dji te powèt, jounalist kiltirèl, DJ e dansè.

25 lane aprè, nou pa janm ka bliye potorik gason sa ki te enpoze Rap kreyòl bay moun an Ayiti e ki te ede anpil jèn etale talan yo.

Miguel Romain ( Mingolove Romain)
Rechèck ak redaksyon tèks la

Lòt moun ki kontribye nan enfòmasyon yo: Christophe Christopher Simeon , Ralph Delly ak Marc Exavier